100 GI Progress Banners.png

100 Great Ideas se yon gwo tèt ansanm kominotè pou rechèch ide, kote nou rasanble kominote a pou jwenn solisyon pou pwoblèm rejyonal enpòtan yo. Apre sa nou fè sentèz tandans yo epi nou fè dirijan lokal yo patisipe nan aplike pi bon ide yo. 

Nan dat 12 novanm, nou pral lanse senkyèm kanpay nou an – fwa sa a n ap konsantre sou Rezistans ak Dirabilite nan Zafè Klima.

Pandan senk jou, n ap envite tout moun nan rejyon an pou yo poste ide, kesyon, atik, elatriye pou reponn kesyon "Ki pi bon ide ou genyen pou fè Sid Florida vin pi soutnab ak rezistan?" Kanpay yo oryante sou solisyon, yo pwodiktif epi yo pèmèt kolaborasyon – epi ou kapab patisipe kèlkeswa kote ou ye a.

Mèsi a kòmanditè plen lajès nou yo, NBCUniversal ak The Miami Foundation, dèske yo kolabore avèk nou pou lanse kanpay sa a. 

Ou vle plis enfòmasyon sou defi rezistans ak dirabilite nan zafè klima ki genyen nan kominote nou an pou pare sèvo w? Si se sa, fèy enfòmasyon sa yo fèt pou ou (gen vèsyon nan lang panyòl ak angle).


Fèy enfòmasyon: Rezistans ak dirabilite nan zafè klima

Vi Jeneral:

  • Rezime ak Glosè

  • 1yèm Pati: Kijan klima nou an ap chanje?

  • 2yèm Pati: Ki konsekans chanjman klima a gen sou anviwònman an?

  • 3yèm Pati: Ki konsekans chanjman klima a pral genyen sou lavi nan Sid Florida?

  • 4yèm Pati: Kisa lèzòm ap fè ki lakòz chanjman klima a?

  • 5yèm Pati: Ou vle plis enfòmasyon?

Rezime

Èske w konnen avèk vitès chanjman klima a kounye a, yo prevwa 45% Sid Florida ap anba dlo disi 2100? Sa gen dwa parèt lwen, men nou deja ap sibi anpil nan efè negatif chanjman klima a. Amezi lèzòm, an patikilye sèlman 100 konpayi nan lemond antye, ap pwodui plis gas k ap chofe latè epi Latè nou an ak lanmè nou yo ap chofe, n ap sibi anpil konsekans negatif sou anviwònman an: pi gwo siklòn, ekosistèm natirèl k ap anfondre, dife san kontwòl k ap miltipliye epi tanperati k ap rive nan nivo inabitab. Chanjman sa yo nan anviwònman an gen konsekans sou nou tout (epi sitou sou moun Sid Florida yo): inondasyon pwopriyete, pri manje ki grenpe mòn, maladi k ap simaye, moun k ap pèdi kay yo, ak aksè nou a dlo potab ki menase. Malerèzman, konsekans sa yo, ki prensipalman se rezilta konpayi yo pote, gen pi gwo efè sou popilasyon ki frajil ak majinalize yo.

Kijan nou fè rive nan sitiyasyon sa a? Plizyè dizèn lane polisyon san kontwòl, yon popilasyon k ap ogmante, ak yon depandans deplizanpli gran sou kouran elektrik ak kabiran fosil yo tout kontribye nan pwodiksyon gaz k ap chofe latè yo ki kenbe chalè a nan atmosfè Latè a epi chofe anviwònman nou an ak lanmè nou yo. Se Etazini ki gen leplis degajman kabòn pa pèsòn nan lemond antye epi poutèt nou (Etazini) ak dirijan nou yo pa pran angajman epi fè efò konsète pou kontwole degajman nou yo epi viv yon fason pi soutnab, nou kontribye deplizanplis nan chanjman klima a chak ane.

Donk kisa k ap fèt lokalman sou zafè sa a? Gouvènman lokal yo kreye politik, komite, ak plan ki gen kòm objektif amelyore dirabilite, epi gen plizyè òganizasyon ki pa gen bi fè pwofi k ap travay sou pwojè sòti depi nan edikasyon rive nan pwoteksyon lanati. Anpil nan mezi sa yo se yon pa nan bon direksyon an, men poutèt nati laj ak ijan konsekans li yo, gen anpil bagay anplis ki bezwen fèt toujou.

Kisa ou kapab fè pou ede atake defi sa a? Aprann, edike, vote, epi aji. Antre nan Gwoup Facebook 100 Great Ideas la pou dyaloge epi sijere ide pandan kanpay nou pral fè a ant 12 ak 16 novanm 2018.

Glosè

  • Adaptasyon: Ajisteman lèzòm fè poutèt chanjman kliman toutbon oswa yo panse ki pral genyen ak konsekans li yo.

  • Chanjman Klima: Chanjman nan kondisyon meteyo mwayen yo ki pèsiste pandan plizyè dizèn lane oswa menm pi lontan.

  • Jistis nan Zafè Klima: Li fòmile rechofman planèt la kòm yon pwoblèm etik ak politik, pa senpleman anviwònmantal; li endike se moun ki mwens responsab nan chanjman klima a ki soufri konsekans pi grav li yo.

  • Jistis Anviwònmantal: Tretman jis ak patisipasyon itil tout moun kèlkeswa ras yo, klas yo, elatriye nan sa ki gen pou wè avèk elaborasyon, mizannèv, ak aplikasyon lwa, règleman, ak politik sou anviwònman yo.

  • Kabiran Fosil: Yon kabiran fosil se yon kabiran ki fòme nan kad yon pwosesis natirèl, tankou paregzanp dekonpozisyon òganis ki antere. Pami kabiran fosil yo gen petwòl, chabon, ak gaz natirèl. Lè y ap boule, kabiran fosil yo bay anpil gaz kabonik.

  • Rechofman Planèt la: Ogmantasyon yo obsève nan tanperati mwayen an bò sifas Latè a epi nan kouch pi ba atmosfè a.

  • Gaz k ap Chofe Latè: Gaz natirèl ak endistriyèl ki kenbe chalè Latè a epi chofe sifas la.

  • Rediksyon: Mezi yo pran pou redui sous ak kòz chanjman klima a.

  • Rezistans: Kapasite prevwa, pare pou, reyaji a, epi refè rapidman apre gwo menas ki gen plizyè danje ladan yo avèk donmaj minimòm nan byennèt sosyal la, ekonomi an, ak anviwònman an.

  • Dirabilite: Jan pou egziste ki satisfè bezwen yo jodi a san detwi kapasite jenerasyon fiti yo pou yo satisfè pwòp bezwen pa yo, sitou nan sa ki gen pou wè avèk itilizasyon resous natirèl yo. 

  • Administrasyon Nasyonal Ayewonotik ak Lespas (National Aeronautic and Space Administration, NASA): NASA se yon òganis syantifik gouvènman Etazini an ki responsab syans ak teknoloji ki gen pou wè avèk atmosfè nou an ak lespas.

  • Asosyasyon Nasyonal Oseyanik ak Atmosferik (National Oceanic and Atmospheric Association, NOAA): NOAA se yon òganis syantifik gouvènman Etazini an ki fè rechèch sou dlo, tan, klima, ak atmosfè Latè.

Kisa nou vle di lè n ap pale de “rezistans ak dirabilite nan zafè klima”?

Sustainability & Resilience Explanation Chart.png


1ye Pati:

Kijan klima nou an ap chanje?

Nou tout konnen tan chanje chak jou. Gen jou pandan ete a ki kapab nan gwo 80 yo epi imid, alòske gen lòt ki kapab rive 95 degre epi bay lavalas. Nou konnen tou tan an chanje dapre sezon an - nan Florida, li vin pi cho pandan mwa dete yo epi pi fre pandan livè. Tout sa fè pati sistèm meteyo nou an ke nou obsève, epi atann.

Sa ki pi difisil pou wè jou apre jou se klima nou an k ap chanje. Klima se jan tan an konpòte li sou peryòd ase long. Menm si nou konnen tan an chanje chak jou, epi sezon yo pwodui diferan tip tan, klima nou an ta dwe rete estab avèk letan.

Malerèzman, syantifik yo obsève klima nou an pa rete estab avèk letan. Pandan 800,000 lane ki sot pase yo, kantite mwayen CO2 a nan atmosfè a te rete apeprè nan zòn 180-250 pati pa milyon (ppm). Jodi a, kantite CO2 a nan atmosfè a rive nan pwen ki pi wo a nan tèks listwa yo a 408 pati pa milyon (ppm). Gwo ogmantasyon an nan degajman yo te kòmanse nan zòn lane 1850, eksplozyon Revolisyon Endistriyèl global la.

 Source: https://www.cdc.gov/climateandhealth/effects/default.htm#factsheets

Source: https://www.cdc.gov/climateandhealth/effects/default.htm#factsheets

 Source: https://climate.nasa.gov/vital-signs/carbon-dioxide/

Source: https://climate.nasa.gov/vital-signs/carbon-dioxide/

 Source: http://www.environment.gov.au/climate-change/climate-science-data/climate-science/greenhouse-effect

Source: http://www.environment.gov.au/climate-change/climate-science-data/climate-science/greenhouse-effect

Chanjman sa a nan klima a gen pou kòz an gran pati aktivite lèzòm — degajman gaz k ap chofe latè sòti nan machin yo, santral elektrik yo, ak lòt aktivite lèzòm se kòz prensipal la

97% syantifik klima yo dakò kòz prensipal tandans rechofman planèt la k ap fèt kounye a se poutèt lèzòm ranfòse "efè gaz k ap chofe latè a " — rechofman ki genyen lè atmosfè a kenbe chalè ki sòti sou Latè a epi anpeche li ale nan lespas.

Se sa yo jeneralman rele rechofman planèt la.

Grafik ki adwat la demontre jan rechofman planèt la fonksyone. Pou aprann plis sou sijè sa a, nou ta sijere w ale nan sous ki annapre yo:

1) https://climate.nasa.gov/causes/

2) https://www.livescience.com/37743-greenhouse-effect.html

3) https://www.esrl.noaa.gov/gmd/outreach/carbon_toolkit/basics.html


2yèm Pati:

Ki konsekans chanjman klima a genyen?

Nou konnen klima a ap chanje, men ki konsekans sa genyen sou mond nou an  - ak sou Sid Florida an patikilye? Toudabò, chanjman klima a lakòz gwo chanjman nan de sistèm: lanmè yo, k ap chofe epi vin pi asid, ak atmosfè nou an, k ap vin pi cho avèk letan. Pandan lanmè yo ak atmosfè a ap chanje, n ap wè tout kalite konsekans segondè – chak nan yo chanje lavi toulejou nou.

Humans produce GGHs.png

Lanmè Nou yo

Amezi klima nou an ap vin pi cho, lanmè a “pran chalè” toutbon – li absòbe 93 pousan eksè chalè ki pwodui nan rechofman planèt la ak 30 pousan eksè CO2 global la. Sa lakòz tanperati lanmè yo monte (yo monte 0.13 degre F chak dis lane depi 1901) epi dlo a vin pi asid (pH dlo lanmè sifas yo tonbe 0.1 inite pH). Chanjmn sa yo gen anpil efè segondè:

  • Monte Nivo Lanmè a: Amezi dlo lanmè a ap chofe, li dilate epi li fonn glas terès la (kouch glas ak glasye yo), sa ki fè nivo lanmè a monte. Kouch glas Antatik la pèdi prèske  3 mil milya tòn metrik glas ant 1992 ak 2017 poutèt tanperati pi cho sa yo. Glas kontinan an ap vin pi piti a yon vitès san presedan epi poutèt kouch glas yo kenbe gran majorite dlo dous planèt la, teyorikman, si yo ta fin fonn nèt, nivo lanmè a nan lemond antye t ap monte 190 pye. Yo prevwa nivo lanmè yo sou kòt Florida pral monte 16-80 pous pandan 50-100 lane k ap vini yo. Lanmè k ap monte yo gen anpil efè negatif:

    • Destriksyon pwopriyete: Previzyon yo kounye a mete ant $15 milya ak $23 milya pwopriyete ki genyen nan Florida kounye a anba dlo disi 2050.

    • Envazyon dlo sale: Ogmantasyon nan nivo lanmè a pral pouse liy devan sèl la pi fon andedan tè yo ak pi pre pwi dlo potab yo, sa k ap menase pwovizyon dlo potab rejyon an.

    • Ewozyon: Lè nivo lanmè yo monte rapidman jan yo fè li a, menm yon ti ogmantasyon kapab gen efè katastwofik sou abita yo sou kòt la. Amezi dlo lanmè a ap rive pi lwen andedan tè yo, li kapab lakòz ewozyon destriktè, inondasyon tè mouye a, kontaminasyon sòl la, ak pèt abita pwason yo, zwazo yo, ak plant yo. Lè gwo tanpèt frape tè a, nivo lanmè pi wo yo vle di mare tanpèt pi pwisan, pi gwo ki kapab rache tout sa ki sou wout yo. Yo deziyen mwatye nan 825 mil plaj ki sou kontwòl Depatman Pwoteksyon Anviwònman eta a kòmkwa yo nan sitiyasyon ewozyon kritik.

    • Egou: Monte nivo lanmè a pa sèlman gen konsekans sou moun Florida yo ki rete sou oswa toupre kòt la. Poutèt Florida chita sou yon plato kalkè pèmeyab, ki fèt avèk ansyen resif konprime ki plen ti twou, monte nivo lanmè a rive sou moun yo pa anba tou. Lè nivo dlo yo monte, dlo a monte nan tè a sa ki mennen inondasyon epi lakòz fòs septik yo sispann mache epi debòde. Lè sa rive, fòs septik yo pa kapab filtre epi netwaye dechè moun ki antre andedan yo epi poutèt sa, li koule nan lari yo epitou andedan nap souteren kote nou pran dlo potab nou an. Gen apeprè 90,000 fòs septik nan tout Konte Miami-Dade.

  • Pi Gwo Siklòn ak Lòt Kondisyon Meteyo Eksepsyonèl: Syantifik yo prevwa siklòn yo pral vin pi mouye ak pi gwo potèt lanmè k ap chofe yo. Siklòn Irma ak Harvey lane pase yo, de nan tanpèt pi fò nan listwa Florida epi ki koute li pi chè, te pote yon pèt konbine total $200 milya. Florida klase dezyèm nan nasyon an avèk $3.2 mil milya pwopriyete kotye ameriken asire ki a risk siklòn. Wit nan 10 siklòn ki koute pi chè yo nan listwa Etazini te touche Florida. Sis nan tanpèt sa yo te rive nan yon entèval de lane sèlman: 2004 ak 2005. Anplis de sa, Florida deja wè yon ogmantasyon nan kantite kondisyon meteyo eksepsyonèl yo: an 2011 sèlman, Florida te bat 34 rekò chalè, 27 rekò lapli, epi li te fè eksperyans ka sechrès ekstrèm nan plizyè konte.

  • Florezon Alg Toksik: Tanperati dlo k ap monte yo kontribye nan florezon alg nuizib (yo rele li tou mare wouj), ki kapab fè pwason yo, fwidmè yo, zannimo lanmè yo, ak zwazo yo malad — epi menm touye yo, epitou koze maladi grav kay moun ki naje nan dlo ki enfekte yo. Depi oktòb 2017, kòt sidès Florida ap fè eksperyans youn nan ‘mare wouj’ ki pi mòtèl nan listwa, epi anpil nan zòn kote yo peche fwidmè yo nan Florida toujou fèmen poutèt danje ‘Anpwazònman Sistèm Nè poutèt Fwidmè’ kay moun ki konsome fwidmè ki kontamine yo. Sa gen yon konsekans ekonomik grav: wonma, krab, chevrèt, ak lòt envètebre yo vo plis pase $231 milyon pou endistri Sid Florida a. Ane sa a, gen 267 tòn zannimo lanmè (100 vach lanmè, yon douzèn dofen, plizyè milye pwason, 300 tòti lanmè ak plis toujou) ki mouri oswa ki echwe sou kòt yo poutèt florezon alg nuizib yo.

  • Diminisyon Resif Koray yo: Nan twa dènye lane ki sot pase yo, 25 resif—3/4 resif yo nan lemond—sibi dekolorasyon grav poutèt nivo asid ekstrèmeman wo yo nan lanmè a. Resif koray yo enpòtan poutèt plizyè rezon: 1) yo elabore anpil medikaman (tankou paregzanp medikaman kont viris AZT a ak ajan kont kansè Ara-C a) apati zannimo ak plant resif koray, 2) resif an sante yo kontribye nan ekonomi lokal yo sou fòm atraksyon touristik tankou paregzanp plonje, lapèch, otèl, restoran, elatriye (yo estime resif Florida Keys yo poukont yo gen yon valè aktif $2.7 milya), 3) nan peyi an devlòpman yo, resif koray yo kontribye nan apeprè 1/4 kantite pwason total yo pran yo, sa ki ofri resous alimantè esansyèl pou plizyè dizèn milyon moun, epi 4) resif koray yo pwoteje rivaj yo kont vag epi anpeche ewozyon, dega nan pwopriyete, ak pèt lavi.

  • Konsekans sou Lavi nan Lanmè a: Anpil espès, tankou paregzanp vach lanmè, tòti, ak diferan tip pwason, oblije migre pou jwenn tanperati dlo yo bezwen yo pou manje epi repwodui. Deplasman lavi nan lanmè a gen konsekans sou lapèch ak ekosistèm nan an jeneral. Toude rechofman ak asidifikasyon lanmè a gen efè negatif sou koray, plankton, fwidmè ak lòt espès ki jwe yon wòl enpòtan nan chenn alimantè lanmè a, donk lè gen yon espès k ap soufri, yo tout soufri.

Atmosfè Nou an

Anviwònman nou an ap chofe rapidman. Gaz kabonik la (CO2) nan nivo pi wo li janm rive epi 17 sou 18 ane pi cho yo nan tèks istorik yo se te apre 2001. Non sèlman 2016 te ane pi cho ki janm genyen, men wit sou 12 mwa ki fòme ane a — depi janvye rive septanm, eksepte jen — te gen plis chalè pase sa ki janm genyen pou chak nan mwa sa yo. Yon anviwònman k ap chofe gen anpil efè negatif:

  • Tan Chalè Danjre: Gen tan gen chalè ekstrèm pi souvan pase sa fè 60 lane—epi syantifik yo panse vag chalè yo pral fèt pi souvan epi vin pi grav amezi rechofman planèt la ap entansifye. Ogmantasyon sa a nan vag chalè yo kreye danje grav pou lasante epi kapab mennen gwo fatig, kout chalè, pwoblèm medikal ki vin pi mal epi menm ralanti kapasite mantal. Chalè a agrandi abita marengwen yo tou sa ki mennen plis danje maladi marengwen pote. Nan lane 2100, nan senaryo (A1FI) pi wo a, nou prevwa prèske tout sitwayen Florida yo ap an gran danje fè maladi poutèt chalè. Gade jan tanperati a kote w rete a ogmante avèk letan isit la.

  • Plis Presipitasyon: Amezi tanperati yo ap ogmante, gen plis lapli ki tonbe pandan pi gwo avès yo, sa ki ogmante danje inondasyon. Trè gwo presipitasyon yo, yo defini kòm en pousan tanpèt ki pi gwo yo, kounye a lage 67 pousan plis presipitasyon nan Nòdès la, 31 pousan plis nan Midwès la, ak 15 pousan plis nan Gra Plèn yo pase sa yo te konn lage sa fè 50 lane. Pandan 50 lane k ap vini yo, yo prevwa yon ogmantasyon 10 pousan nan presipitasyon jeneral nan Florida. Pi gwo lapli bay pi gwo siklòn, inondasyon, ak lanmè ki monte pi wo. Inondasyon yo souvan koze tou gwo debòdman dlo egou ki pa trete nan wiso, rivyè, bè, kannal, ak menm lari ak kay.

  • Dife San Kontwòl: Gen deplizanplis dife san kontwòl epi sezon dife san kontwòl la ap vin deplizanpli long nan Etazini amezi tanperati yo ap monte. Poutèt tanperati prentan ak ete yo ki pi wo ak nèj la ki fonn pi bonè nan prentan an forè yo vin pi cho ak pi sèch pandan pi lontan, sa ki bay kondisyon ideyal pou dife san kontwòl yo kòmanse epi simaye. An 2018 jiskaprezan, te gen 1,728 dife san kontwòl ki boule yon total 125,540 ak nan eta Florida. Plis pase 5.3 milyon moun ki rete nan Florida oswa 28 pousan popilasyon eta a rete nan zòn ki gen gwo danje dife san kontwòl.

  • Sechrès: Amezi tanperati yo vin pi cho, vin gen sechrès pi souvan epi yo dire pi lontan. Sechrès an dezyèm plas nan konsekans ekonomik nasyonal poutèt kondisyon meteyo, avèk pèt ànyèl toupre $9 milya pa ane nan Etazini. Sechrès la menase rezèv dlo potab ak dlo endistri agrikòl la epi li kapab menm kontribye nan ogmantasyon pri manje. Sechrès la touche Florida yon fason diferan dapre ane a, epi poutèt to presipitasyon elve nou an, nou souvan pa santi efè sechrès la menm jan avèk lòt eta nan Etazini. Sepandan, pandan sèten peryòd ane a epi nan lòt kote nan peyi a, sechrès touche sous manje ak dlo nou yo anpil.


3yèm Pati:

Ki konsekans chanjman klima a pral genyen sou lavi nan Sid Florida?

Menm si se sèlman 48% moun Sid Florida yo ki kwè chanjman klima a pral touche yo pèsonèlman, rejyon nou an gen plis rezidan ki an danje poutèt chanjman klima pase nenpòt ki lòt eta nan Etazini.

Vil yo nan Florida, ekosistèm natirèl yo, ak moun ki rete bò kòt la (75% popilasyon eta a) deja fè eksperyans efè danjre klima planèt la k ap chanje rapidman epi yo prevwa efè sa yo (pami yo lanmè k ap monte ak tanperati pi wo) pral sèlman ogmante pi rapidman an konsekans ak vitès. Disi 2050, si pa gen kontwòl, yo prevwa Florida pral fè eksperyans plis pase 130 jou vag chalè pa ane, ap gen 1.1 milyon moun ak 5300 mil kare anplis k ap vin an danje poutèt monte nivo lanmè a, epi soufri yon pèt $354 milya dola, pi gran retonbe finansye a poutèt chanjman klima.

Menm si syantifik yo pa kapab predi pafètman konsekans chanjman klima a, nou kapab atann konsekans sosyal, ekonomik, ak jeyografik grav si nou kontinye sou chimen kote nou ye a ki esansyèlman se polisyon san kontwòl. Men kèk nan konsekans sa yo:

  • Aksè a Dlo Pwòp: Rezèv dlo pwòp Sid Florida a an danje poutèt monte nivo lanmè a, inondasyon ak kondisyon meteyo eksepsyonèl. Dlo lanmè a ap monte pi wo pase dig yo, rive nan twou egou yo epi menm nan pwi ki nesesè yo pou dlo potab pwòp, epi koze ‘envazyon dlo sale.’ Nap Souteren Biscayne nan, kote yon gran pati nan dlo souteren pwòp Sid Florida a filtre epi konsève, deja ap polye avèk twoplen egou ak lòt kontaminan poutèt monte nivo lanmè a. Yo prevwa Konte Broward, disi 50 lane, pral pèdi 41 pousan kapasite chan pwi kotye li an poutèt dlo sale k ap avanse anba tè a.

  • Popilasyon An Danje: Konsekans chanjman klima a peze lou sou fanmi ki gen revni ba yo ak kominote koulè yo. Achte pwodui ak sèvis pou pwoteje tèt yo ak pwopriyete yo, refè apre dega kondisyon meteyo eksepsyonèl yo epi peye pou anpeche epi jere traka sante k ap ogmante yo se gwo tach finansye yo souvan pa gen mwayen pou yo. “Anboujwazman poutèt klima,” kote rezidan ki gen revni ba yo oblije kite zòn ki pi wo yo nan Sid Florida, ap fèt tou epi mete popilasyon sa yo nan plis danje. Fas a kondisyon meteyo eksepsyonèl, 60% fanmi yo ki rete nan enstabilite finansye nan Miami-Dade manke ase ekonomi pou rete pi wo pase nivo pòvte federal la pandan twakat mwa youn dèyè lòt, sa ki fè li pi difisil lontan pou yo okipe konsekans finansye gwo tanpèt yo. Anplis de sa, moun ki andikape yo pami sa ki an plis danje yo pandan katastwòf natirèl, poutèt li difisil anpil pou yo sove kite lakay yo epi yo gen difikilte kenbe teknoloji ki kapab sove lavi yo chaje epi ap mache. 80% moun ki andikape yo rapòte difikilte oswa enkapasite evakye.

  • Moun ki Pa Gen Kay/Refijye ki Deplase: Disi 2100, plis pase 2.5 milyon moun Miami ap oblije kite lakay yo poutèt pwopriyete yo inonde. Disi 2100, apeprè 1 kay pami 10 nan Florida pral fè fas a inondasyon chak de jou. Sa mete Florida nan tèt lis la pou tout nasyon an pou kay ki an danje.

  • Ekonomi ki Detwi: Endistri touris Florida a sèlman ta kapab pèdi $178 milya chak ane disi 2100. Lè gen konsekans sou sektè klima a touche yo, gen prèske 400,000 djòb nan endistri transpò, sèvis piblik, ak touris yo k ap an danje— epi fanmi ki gen revni ba ak mwayen yo konte sou anpil nan yo. Yon ogmantasyon nan polyan danjre nan lè a ak florezon alg yo k ap toufe pwason yo, ansanm avèk yon dimimisyon nan pwodiktivite kilti yo poutèt sechrès pral mete endistri agrikilti ak lapèch yo an danje tou.


4yèm Pati:

Kisa lèzòm ap fè ki lakòz chanjman klima a?

Gen plizyè jan lèzòm ap kontribye nan chanjman klima planèt la. Men kèk nan yo:

Kabiran Fosil

  • Endistriyalizasyon: Se sèlman 100 konpayi ki se sous plis pase 70% pousan nan degajman gaz k ap chofe latè nan lemond depi 1988. Nou kapab remonte mwatye nan degajman endistriyèl mondyal sa yo  a sèlman 25 antite komèsyal ak leta.

  • Degajman Machin ak Avyon yo: An 2016, kilti transpò modèn nou an (itilizasyon machin, kamyon, bato, tren ak avyon) te reponsab apeprè 28% degajman yo nan Etazini. An 2016, transpò te lakòz 35% degajman yo nan Florida.

  • Kouran Elektrik: Pwodiksyon kouran elektrik la lage yon kokennchenn kantite gaz ki chofe latè nan atmosfè a. 28.4% degajman yo nan Etazini sòti nan kreyasyon kouran; 63% pwodiksyon kouran sa a sòti nan kabiran fosil (chabon, gaz natirèl, petwòl, ak lòt gaz), 20% sòti nan enèji nikleyè, epi sèlman 17% sòti nan sous enèji renouvlab. Florida te bay 217.6 milyon tòn metrik gaz kabonik an rapò avèk avèk itilizasyon kouran an 2013.

  • Bilding yo: Yon gran pòsyon degajman yo sòti nan konstriksyon ak mentnans bilding. Pwodiksyon beton ak asye pou konstriksyon bilding yo emèt gaz kabonik epi lè kondisyone ak chofaj egzije kokennchenn kantite kouran ak gaz natirèl yo chak nan lòd. Chofaj dlo, limyè, frijidè, televizyon, aparèy pou seche rad, òdinatè ak lav-vesèl yo tout kontribye nan 1,374 milya kilowat enèji yo te konsome an 2017 la nan Etazini.

  • Transfòmasyon Kabiran Fosil: Rale, trete, transfòme, transpòte, epi distribye kabiran fosil yo bay gaz ki chofe latè tou. Degajman sa yo kapab ekspre epitou yo kapab rive poutèt aksidan, move mentnans, ak ti fwit nan tèt pwi yo, koneksyon tiyo yo, ak liy ravitayman yo.

Konsomasyon Lèzòm/Agrikilti

Fimye: Dezyèm gaz ki chofe latè ki pi danjre a apre gaz kabonik, metàn, se yon pwodui bestyo, vach letye, kabrit, mouton, kochon, elatriye. Metàn se yon gaz ki pwisan nan chofe latè ki ant 28 ak 36 fwa pi bon nan kenbe chalè pase CO2. An 2010, Sid Florida te pwodui apeprè 14.4 milyon tòn metrik degajman poutèt agrikilti.

  • Elvaj: Fèm elvaj kite yon gwo anprent sou anviwònman an tou. Fèm elvaj yo kontribye 18% nan degajman gaz ki chofe latè lèzòm pwodui nan lemond antye. Pwodiksyon vyann nan pa efikas menm nonplis. Pou pwodui apeprè 2 liv bèf sa egzije 55 liv sereyal epi apeprè 4,000 galon dlo. Nou kapab wè etandi pwoblèm lan nan itilizasyon tè a tou: apeprè 30% sifas tè a sou Latè ap sèvi kounye a pou fèm elvaj.

  • Sit pou Antere Dechè: Gaz anfwisman an (LFG), ki apeprè 50 pousan metàn ak 50 pousan gaz kabonik, pwodui lè materyèl òganik nan sit pou antere dechè yo (bagay ki kapab dekonpoze yo tankou manje ak plant, pa plastik) dekonpoze.

  • Plastik: Gen apeprè twa tòn gaz kabonik ki emèt pou chak tòn plastik (poli-etilèn) ki pwodui. Nan lemond antye, nou konsome apeprè 100 milyon tòn plastik chak ane sa ki egal ant 300 ak 500 milyon tòn gaz kabonik ki bay senpleman pou pwodui plastik la.

  • Angrè Chimik: Ogmantasyon itilizasyon angrè chimik sou teren kilti yo kreye oksid azòt, yon gaz mòtèl ki chofe latè (oksid azòt yo gen 300 fwa plis kapasite pou kenbe chalè pase gaz kabonik) epi eksè angrè ki koule yo kreye ‘zòn mouri,’ kote ankenn zannimo lanmè ni plant pa kapab viv nan lanmè nou yo. Li detwi ozòn estratosfè a tou, ki pwoteje planèt la kont reyon iltravyolè danjre yo. Depi lane 1750, nivo oksid nitre yo ogmante 20 pousan – sòti pi ba pase 270 pati pa milya (ppb) rive plis pase 320 ppb.

Itilizasyon Teren/Debwazman

  • Ensandi Forè: Lè forè yo boule, yo bay kokennchen kantite kabòn nan atmosfè a epi anplis de sa, poutèt forè yo pa la ankò, yo pa disponib ankò pou absòbe CO2.

  • Itilizasyon Teren: Itilizasyon forè yo, marekaj yo ak lagon yo pou kabiran (pou bwa epitou pou chabon), bwa ak pwodui papye, patiraj, ak pwodiksyon danre kontribye nan debwazaj an mas la nan mond nou an. Poutèt envazyon lèzòm, Everglades yo nan Florida retresi pou vin yon tyè gwosè li te ye a, sòti 3 milyon ak an 1947 rive 1 milyon ak jodi a.

  • Kalite Lè a: Koupe pyebwa ilegalman, min, ak katastwòf natirèl menase atou pi enpòtan Latè yo. Chak ane, gen 18.7 milyon ak forè ki pèdi poutèt debwazman, sa ki ekivalan a 27 teren foutbòl chak minit. Yo estime forè yo ak lòt vejetasyon sou tè pwodui 40 pousan oksijèn latè a epi retire jiska 30 pousan gaz kabonik lèzòm emèt la nan atmosfè a menm si yo kouvri sèlman apeprè 6 pousan tè a. San yon efò lokal ak global detèmine pou pwoteje peyizaj la ak divèsite biyolojik “poumon lemond,” li pral kontinye deteryore.


5yèm Pati:

Efò lokal pou bati yon kominote pi rezistan ak dirab

Reyalite di chanjman klima a (konsekans prezan ak fiti monte nivo lanmè yo, tanperati pi cho yo, pi gwo tanpèt yo) difisil pou imajine. Epoutan fè yo trè klè: nou dwe aji pou anpeche chanjman klima EPITOU pare pou reyalite nou pa kapab evite a ki se nou pral fè fas a gwo konsekans chanjman klima a. Dirijan yo ak òganizasyon yo toupatou nan Konte Miami-Dade ak Sid Florida deja kòmanse aji nan ekri bouyon epi egzekite solisyon ki mennen plis rezistans nan zafè klima ak kominote dirab. Gen anpil travay ki rete pou fè, sepandan men kèk nan mezi yo pran deja yo:

Politik ak Rechèch

  • An 1993, konte a te siyen yon Plan Rediksyon CO2 Alontèm ki te idantifye itilizasyon enèji, transpò, itilizasyon teren, ak dechè solid kòm kontribitè prensipal yo nan chanjman klima a lokalman epi li te mete sou pye estrateji pou redui anprent kabòn Konte Miami-Dade la. Egzekisyon Plan an ant 1993 ak 2006 te bay kòm rezilta yon rediksyon total yo estime a apeprè 34 milyon tòn CO2.

  • An 2006, Konsèy Komisè Konte a te tabli Gwoup Travay Konsiltatif sou Chanjman Klima Konte Miami-Dade la (Miami-Dade County Climate Change Advisory Task Force, CCATF). CCATF la sèvi kòm yon komite konsiltatif pou Konsèy Komisè Konte a epi li responsab idantifye konsekans fiti posib chanjman klima a sou Konte Miami-Dade epi ofri rekòmandasyon pou reyaji a konsekans sa yo. Majistra a ak Konsèy la responsab pran desizyon final yo pou aksepte epi mete sou pye rekòmandasyon CCATF la. Ou kapab jwenn yon lis rekòmandasyon yo te fè deja ak dènye rapò yo a sou monte nivo lanmè a isit la ak isit la.

  • An 2013, Konsèy Komisè Konte a te kreye Gwoup Travay sou Monte Nivo Lanmè a (Sea Level Rise Task Force) pou egzamine done ki gen pou wè avèk sa, etid, ak rapò sou konsekans posib monte nivo lanmè a epi ofri yon evalyasyon konplè ak reyalis sou pwobabilite ak konsekans posib monte nivo lanmè a ak mare tanpèt avèk letan. Gwoup travay la te pibliye rapò li a ak rekòmandasyon li yo an 2014.

  • An 2015, anpil òganizatè kominotè tankou paregzanp Alyans pou Klima Miami an (Miami Climate Alliance), te mennen kreyasyon pwogram 100 Resilient Cities Fondasyon Rockefeller a ak Resilient 305, yon patenarya twa minisipalite ant Konte Miami Dade, Vil Miami, ak Konte Miami Beach. Sa te mennen kreyasyon pòs Responsab Kapasite Rezistans (CRO), James Murley, Jane Gilbert ak Susanne Torriente yo chak nan lòd, nan touletwa minisipalite yo epi kreyasyon depatman Rezistans yo nan Konte Miami ak nan MDC. CRO yo travay an konjonksyon pou elabore plan rezistans estratejik ki ede Greater Miami and the Beaches pare pou, reziste a, epi refè apre ‘chòk’ – evènman katastwofik tankou siklòn, ensandi, ak inondasyon – ak ‘estrès’ – tankou lojman bon mache, absans domisil, ak chomaj.

  • An 2010, Konte Broward, Miami-Dade, Monroe, ak Palm Beach te mete tèt ansanm pou fòme Akò sou Chanjman Klima Rejyonal nan Sidès Florida a (Southeast Florida Regional Climate Change Compact) kòm yon jan pou travay, depase liy konte yo, pou rezoud pwoblèm ki gen pou wè avèk klima rejyonal nou an. Ansanm, toudabò an 2012 epi ankò an 2017, akò a te pibliye Plan Aksyon sou Klima Rejyonal la (Regional Climate Action Plan, RCAP). Akò a òganize yon Somè ànyèl tou Miami-Dade pral akeyi ane sa a nan dat 24-25 oktòb 2018, nan Miami Beach Convention Center.

  • Konte Miami-Dade patisipe nan Pwogram Konte Fre Etazini an (U.S. Cool Counties Program), ki vle di Konte a dakò pousuiv bi rejyonal pou li redui degajman gaz k ap chofe latè yo a 80 pousan nivo 2008 yo disi 2050 epi atenn 20 pousan enèji Florida sòti nan sous renouvlab disi 2020.  

  • Konte Miami-Dade elabore epi pibliye plizyè rapò nan kad plan GreenPrint li a: diferan estrateji ki tabli pou rezoud pwoblèm ki gen pou wè avèk chanjman klima rejyonal la epi bati yon kominote pi dirab. Pi notab yo se plan GreenPrint lan (2010), Rapò sou Pwogrè GreenPrint lan (2014), ak Plan Aksyon sou Chanjman Klima a (2018).

Konte Miami-Dade ofri yon lis konplè politik ak lejislasyon ki gen pou wè avèk chanjman klima a: gade l isit la.

Edikasyon

  • The CLEO Institute se yon òganizasyon ki konsakre a edikasyon sou chanjman klima, angajman, ak defans. CLEO mete sou pye fòmasyon, atelye, ak fowòm pou anseye syans ak ijans chanjman klima a epi pou chèche solisyon ak inovasyon pou aksyon anfavè klima a. Si ou oswa òganizasyon w lan enterese nan planifye yon fòmasyon CLEO, enskri isit la.

  • Dream In Green ede diferan òganizasyon redui anprent yo sou anviwònman an epi elabore, mete sou pye epi sipèvize pwogram edikatif ak atelye ki pouse konpòtman ki soutni anviwònman an pami tout gwoup laj yo, avèk yon aksan espesyal sou elèv K-12 yo. Jiskaprezan, pwogram yo a sèvi 330 lekòl ak plis pase 90,000 moun, avèk apeprè 74,000 nan yo ki te elèv K-12. Lekòl k ap kolabore avèk yo ede konsève 26.1 milyon kilowat-è kouran elektrik epi pote yon rediksyon 39.9 milyon liv degajman kabòn.

  • An 2017, Konsèy Komisè Konte a te adopte yon rezolisyon (170549) ki te bay biwo Majistra a enstriksyon elabore epi difize enfòmasyon edikatif sou monte nivo lanmè a sou Miami-Dade TV, chèn televizyon Konte a.

  • Catalyst Miami òganize senk gwoup nan pwogram CLEAR (Lidèchip Kominotè sou Anviwònman, Defans, ak Rezistans, oswa Community Leadership on the Environment, Advocacy, and Resilience) Miami yo an. CLEAR ofri jèn moun, adolesan ak granmoun preparasyon pou yo vin edikatè sou rezistans a klima, lidè, ak inovatè nan pwòp kominote pa yo ak lòt kote.

  • An 2017, Konsèy Komisè Konte a te adopte yon rezolisyon (170285) ki bay biwo Majistra a enstriksyon kowòdone avèk konsèy eskolè a pou tabli yon Laboratwa Ekolojik (Eco-Lab) pou fè elèv yo patisipe nan kesyon ki gen pou wè avèk dirabilite ak rezistans.

Transpò Piblik

  • Bati, amelyore ak soutni enfrastrikti transpò piblik la, an patikilye youn ki envesti nan transpò ki kite itilizasyon kabiran fosil, se yon etap enpòtan Konte nou an pran nan lit la kont chanjman klima. Ajoute plis otobis, espesyalman otobis ki mache avèk gaz natirèl ak kouran elektrik epi agrandi vwa pou bekàn yo ak pwogram pataj mwayen transpò yo se mezi esansyèl Konte nou an pran nan diminye degajman gaz ki chofè latè yo. Li plis sou sa Miami-Dade Transit ap fè pou redui anprent ekolojik nou an isit la.

Panno Solè/Enèji Vèt

  • Solar United Neighbors of Florida se yon òganizasyon ki konsakre a reprezantasyon bezwen ak enterè moun ki gen panno solè yo ak patizan enèji pwòp yo. Yo se yon kominote moun k ap bati yon nouvo sistèm enèji avèk panno solè sou do kay kòm baz. Yo ede moun pase a enèji solè, mete tèt ansanm, epi lite pou dwa yo nan zafè enèji.

  • An 2017, South Miami te adopte yon  nouvo lwa ki egzije pou tout nouvo kay yo bati nan vil la gen panno solè, premye mezi konsa nan Florida. Florida klase 3yèm nan Etazini pou potansyèl li jenere enèji solè men li sèlman 17yèm nan pwodiksyon enèji solè toutbon.

  • PACE se yon pwogram pou mèt kay yo, biznis yo ak endistri yo nan Konte Miami-Dade ki enterese nan panno solè, fenèt pou siklòn ak lòt modènizasyon ki ekonomize enèji ki pèmèt mèt pwopriyete yo resevwa finansman alavans pou amelyorasyon yo, epi apre sa remèt dèt la sou fòm prelèvman volontè taks sou pwopriyete yo. Sant Enèji Solè Florida (Florida Solar Energy Center, FSEC) University of Central Florida a te konkli yon sistèm solè 9 Kilowat kapab fè yon mèt kay ekonomize apeprè $1,500 pa ane.

  • Chak ane, rezidan yo nan Konte Miami-Dade peye $27 milyon dola anplis sou bòdwo kouran yo bay Florida Power & Light (FPL), ki apre sa pase bay Konte a. Yo te mete sou pye transfè taks sa a an 1989 nan kontra Konte a, ki se yon akò franchiz, avèk FPL. Plizyè gwoup defans nan zafè klima nan Miami, avèk nan tèt yo Catalyst Miami ak Alyans pou Klima Miami an (Miami Climate Alliance), kreye yon kowalisyon, Moun Miami pou Libète nan Zafè Enèji (Miamians for Energy Freedom), ki gen kòm objektif ankouraje fonksyonè eli yo pou yo kanpe pou rezidan yo nan Konte Miami-Dade gras a refòm kontra sa a pou ofri gran avantaj kominotè epi ede pouse nou nan yon avni enèji pi renouvlab ak bon mache.

Defans

  • Alyans pou Klima Miami an (Miami Climate Alliance), ki te fonde an 2015, se yon kowalisyon òganizasyon ak moun (tankou paregzanp dirijan kominote, etidyan, pèsonèl òganizasyon jistis sosyal, ekolojis, syantifik, pwofesè, ak aktivis nan zafè klima) k ap travay pou fè jistis nan zafè klima vin yon priyorite nan Sid Florida. Y ap travay pou egalite ak rezistans nan aktive kominote a gras a aksyon estratejik, epi konsa ogmante konpreyansyon sou chanjman klima ak monte nivo lanmè a kòm menas kont tout fòm jistis, epi fè byennèt kominotè a vin yon ijans.

  • Pandan inogirasyon yo an nan lane 2015, Alyans pou Klima Miami an te mete tèt ansanm pou òganize Mach pou Klima Moun Miami an (Miami People’s Climate March). Chak ane depi lè sa a, yo kontinye òganize gwoup kominotè premye liy, ak plizyè santèm milye lòt, pou mache ansanm pandan y ap mande mezi djanm ak rapid pou anpeche pi move konsekans chanjman klima a genyen yo. An 2018, yo te òganize Miami Leve pou Djòb ak Jistis nan Zafè Klima (Miami Rising for Climate Jobs and Justice) nan Bayfront Park.

Prevansyon Inondasyon

  • Miami Beach  mete sou pye kounye a yon pwogram $500 milyon dola sou 10 lane pou anpeche inondasyon sou zile a gras a ponp dlo, wout pi wo, ak sistèm egou modènize, ak nouvo règleman sou konstriksyon ki egzije yo mete bilding yo pi wo. Gen yon komisyon k ap egzamine plan yo kounye a, li gen ladan nèf pwofesyonèl nan enjeniri, imobilye, ibanis ak lòt domèn sou direksyon Urban Land Institute, yon òganizasyon entènasyonal itilizasyon teren ak imobilye. Travay komisyon an resevwa finansman nan men inisyativ 100 Resilient Cities Fondasyon Rockefeller a. Li Gid pou Sansibilizasyon sou Inondasyon Miami Beach la isit la.

  • An 2017, 55 pousan nan elektè Miami yo te vote an favè yon bon ak abligasyon jeneral $400 milyon, Miami Forever. Vòt sa a te bay fonksyonè gouvènman yo kapasite prete lajan nan mache obligasyon minisipal la, epi konsa eksplwate yon nouvo taks sou pwopriyete pou peye pou modènizasyon, sibvansyon ak lòt inisyativ gouvènman an. Pwojè a se depanse $192 milyon nan modènizasyon twou egou yo, aspiratè dlo yo ak dig yo pou frennen inondasyon, $100 milyon pou lojman bon mache ak devlòpman ekonomik, $78 milyon pou pak ak etablisman kiltirèl, $23 milyon pou amelyorasyon wout epi $7 milyon pou sekirite piblik.

Asirans

  • Vil Miami Beach patisipe nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon an (National Flood Insurance Program, NFIP) ki mete asirans kont inondasyon disponib pou tout mèt ak lokatè bilding yo. 93% bilding yo nan Miami Beach chita nan Zòn Danje Inondasyon Espesyal la (Special Flood Hazard Area) sa ki vle di bilding yo ki gen ipotèk gouvènman federal la finanse oblije gen asirans. Vil la patisipe nan Sistèm Klasman Kominotè (Community Rating System) Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon an epi rezilta li yo fè rezidan yo ekonomize 20% kounye a sou prim asirans kont inondasyon yo – yo estime li a $6 milyon chak ane. Se lejislasyon federal ki detèmine to yo nan Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon an.

Plis Espas Vèt

  • Urban Paradise Guild òganize benevòl pou ajoute plant natif natal, kreye nouvo abita epi pwoteje enfrastrikti lèzòm yo nan bi mennen abita natirèl la retounen kote nou rete yo epi bati yon mond kote lèzòm ak mond natirèl la mele avèk plis amoni. Si ou oswa òganizasyon w lan enterese fè benevola, gade kijan isit la.

  • Pwogram Adopte-yon-Pyebwa a (Adopt-a-Tree) ofri mèt kay pou yon sèl fanmi oswa diplèks yo nan Miami-Dade de pyebwa gratis chak ane. Yo adopte plis pase 200,000 pyebwa depi lansman pwogram lan an 2001.

  • Kounye a nan Konte Miami-Dade, yo otorize jaden kominotè nan 12 zòn yo deziyen yo kòm Distrik Sant Iben.

  • Plan Direktè pou Pak ak Espas Ouvè yo (Parks and Open Space Master Plan) ap pouse devlòpman espas vèt, koridò vèt, chimen maritim, ak santye. Plan an ap gide devlòpman konte a nan bi kreye yon sistèm pak, rekreyasyon ak espas konsèvasyon san pwoblèm, dirab.

Efikasite Bilding yo

  • Konte Miami-Dade ap entegre yon nouvo inisyativ, Efikasite Bilding 305 (Building Efficiency 305, BE305), pou ogmante efikasite nan enèji ak nan itilizasyon dlo pou gran bilding piblik ak prive yo toupatou nan konte a. Bi pwogram nan se: 1) ede mèt pwopriyete yo avèk pi bon jesyon enèji ak dlo 2) elaji aksè a zouti finansye 3) ede katye ki pi frajil nou yo gras a rediksyon fado kou sèvis piblik yo 4) rasanble done pou ogmante sansibilizasyon epi enfòme pou pran desizyon 5) redui kontrent sou rezèv dlo yo epi prezève yon resous natirèl kritik, epi 6) soutni fòmasyon ak edikasyon nan kòd konstriksyon.

    • Lè yo fin mete li sou pye nèt, yo prevwa BE305 ap gen rezilta anyèl ki annapre yo nan tout konte a:

      • $200 milyon ekonomi sou bòdwo enèji ak dlo

      • 1.2 milyon tòn metrik rediksyon nan degajman polisyon klimatik

      • 38 milyon galon rediksyon nan itilizasyon dlo

  • EnergyCAP se yon zouti ki disponib pou Konte a epi ki ede jere konsomasyon enèji. Zouti a konpare konsomasyon enèji nan bilding tout Konte a epi ede mete modènizasyon yo nan lòd priyorite.

Konstriksyon Ekolojik

Foksyònman Konte a

  • Konte Miami-Dade gen twazyèm pi gran flòt ibrid piblik nan nasyon an. Ibrid yo pote ekonomi ki depase $200,000 pa ane, rediksyon kabiran 27,000 galon gazolin san plon pa ane, ak rediksyon gaz kabonik ki ekivalan a 270 tòn pa ane. Nan flòt ibrid Miami-Dade la genyen: 638 veyikil elektrik ibrid, 116 otobis transpò ibrid dyezèl/elektrik, 2 veyikil elektrik ki bezwen ploge ak 64 kamyon fatra ibrid idwolik

  • Konte Miami-Dade ap chanje pwogram resiklaj li a pou mete tout pwodui resiklab yo nan yon sèl charyo. Sa pote yon gran ogmantasyon nan patisipasyon nan resiklaj la.

Resif Atifisyèl yo

  • Pou soutni endistri touris ak lapèch nou yo, epi kenbe ekosistèm nou yo an sante, Pwogram Resif Atifisyèl Konte Miami-Dade la (Miami-Dade County Artificial Reef Program) te tabli an 1981. Yo konsidere pwogram Konte Miami-Dade la kòm pi gran pwogram konsa nan Florida, k ap mennen nan nasyon an nan kantite sit resif atifisyèl li tabli. Kounye a pwogram nan ap chèche sèvi nan twa domèn: 1) restorasyon ak amelyorasyon abita 2) jesyon lapèch epi 3) plis opòtinite plonje rekreyatif


6yèm Pati:

Ou vle plis enfòmasyon?

Rezistans ak Dirabilite nan Zafè Klima se yon pwoblèm konplèks ki gen yon listwa long ak konplike. Anplis lyen yo nou bay nan fèy enfòmasyon sa yo, nou sijere pou w gade resous ki annapre yo si w vle plis enfòmasyon: 

Òganizasyon ki annapre yo ap atake aktivman pwoblèm rezistans ak dirabilite yo nan zafè klima nan Miami ak nan Sid Florida. Ale sou sit wèb yo ak sou kont medya sosyal yo pou enfòmasyon ak nouvèl:


TheMiamiFoundationLogo_BLK.jpg

Si w gen kesyon, kòmantè oswa sijesyon sou prezantasyon enfòmasyon debaz sa yo, tanpri kontakte Sarah Emmons nan s@radicalpartners.net.

Fèy enfòmasyon sa yo se yon resous k ap evolye epi ki pral ajoute nouvo enfòmasyon lè sa apwopriye. Nou pa konsidere tèt nou kòm ekspè sou sijè sa a, men nou anchante eksplwate kapasite nou nan rasanble kominote a pou prezante rechèch yo nan domèn sa a epi fè kominote a mete tèt ansanm pou jwenn solisyon. 

Anpil remèsiman pou òganizasyon yo ka moun yo ki ede rasanble enfòmasyon sa yo epi revize resous sa a!

  • Zelalem Adefris, Climate Resilience Director at Catalyst Miami

  • Alissa Farina, Special Projects Coordinator at the City of Miami Office of Resilience & Sustainability

  • Dara Schoenwald, Co-Founder of VolunteerCleanup.org

  • Jeremy Klavans, Graduate Research Student at University of Miami’s Rosenstiel School of Marine and Atmospheric Science

  • Linda Cheung, Founder of Before It’s Too Late

  • Barbara Martinez-Guerrero, Executive Director of Dream in Green