100 Great Ideas- Website Banner (1).png

100 Bèl Lide se yon kokennchenn echanj lide. Nou rasanble kominote an pou nou panche sou gwo pwoblèm ki genyen nan zòn nan. Apre sa, nou fè sentèz tout solisyon nou jwenn e ankouraje lidè lokal yo mete bon lide sa yo ann aplikasyon.

Nan dat 13 novanm, nou pral lanse katriyèm kanpay nou an – fwa sa a n ap konsantre sou Aksesibilite Rezidans (oswa “Lojman,” oswa “Kay pou moun rete”)

Pandan senk jou, n ap envite tout moun nan zòn nan pataje lide, distribye atik, poze kesyon, etc. pou reponn kesyon “Ki pi bon fason ki genyen pou fè lojman vin pi abòdab nan Sid Laflorid?” Kanpay sa yo mande nou mete tèt ansanm pou jwenn solisyon - epi ou kapab patisipe kèlkeswa kote ou ye.

Mèsi bay sponnsò ki parennen nou ak bon kè, JPMorgan Chase & Co, ki te pèmèt nou lanse kanpay sa a.

Anvan ou patisipe, eske ou ta vle jwenn plis enfòmasyon sou defi lojman abòdab reprezante pou kominote nou an? Si wi, istorik sa a se pou ou (li disponib tou an english e an kreyòl).


lojman ABÓDAB

Rezime:

Sid Laflorid se youn nan kote ki pa abòdab ditou-ditou pou moun rete nan peyi a - e malerezman, yo pa konstwi nouvo kay ki abòdab pou moun rete. Anplis de sa, n ap pèdi kay ki la deja e ki abòdab.

Kijan nou fè vin nan sitiyasyon sa a? Bati kay ki abòdab pou moun rete pa toujou nan enterè ekonomik devlopè yo, e lefètke gouvènman an pa fè plan pou l envesti nan konstriksyon ak mentyen kay ki abòdab (atravè fon Sadowski an onivo leta a e atravè “Community Development Block Grant” ak pwogram envestisman HOME onivo federal) lakòz yo pa bati ase kay ki abòdab. Règleman nan zafè estasyònman ak zonaj, epitou pwoteksyon pou lokatè yo, fè pwoblèm nan vin pi mal.

Kisa donk k ap fèt onivo lokal pou regle pwoblèm nan? Se vre Konte Miami-Dade ak detwa minisipalite chanje règleman yo pou rezoud pwoblèm nan, men gen plizyè moun ki panse nou gen anpil travay pou fè toujou.

Kisa ou ka fè pou ede relve defi sa a? Edike tèt ou. Patisipe nan yon dyalòg k ap fèt sou Facebook nan yon gwoup ki rele 100 Great Ideas Facebook Group epi bay lide ou genyen.

Glosè

Lojman (oswa “Rezidans” oswa “Kay pou moun rete”) ki Abòdab (oswa Aksesib) – Sa yo rele “Affordable Housing” ann anglè: Lojman ki pa koute plis pase 30% revni total yon moun oswa yon fanmi, pou lwe oswa posede kay.

Revni Medyàn Zòn nan (ann anglè, AMI oswa “Area Median Income”): Revni medyàn pou yon fanmi kat (4) moun. Nan Konte Miami-Dade, AMI egal $48,100.

Toufe anba Chay Depans (oswa “Cost-burdened” ann anglè): Se lè yon moun depanse plis pase 30% revni li pou lojman (ipotèk oswa lwaye).

Klas modès / Ba salarye (“Low-income”): Nan Miami-Dade, se yon fwaye kat (4) moun ki rantre mwens pase $56,800 chak ane.

Lojman pou Mendèv (“Workforce Housing”): Se yon lòt fason pou di “Lojman ki Abòdab” (ann anglè “Affordable Housing”). Fason sa a pi bèl, selon sa Komisyonè Daniella Levine Cava di.

Lojman pou Revni Miks (“Mixed-Income Housing”): Li vle di sa ki ekri an – yon lojman kote moun ki gen diferan revni ap viv nan menm bilding lan.

Zonaj pou Enklizyon (“Inclusionary Zoning”): Yon òdonans ki mande pou yon sèten pousantaj nan rezidans yo fèk ap bati, vin tounen lojman abòdab.

Amenajman ki pran an kont Transpò Piblik (“Transit-Oriented Development”): Yon zòn rezidansyèl oswa komèsyal kote li fasil pou jwenn transpò piblik, tankou paregzanp yon konplèks lojman abòdab ki a 1/2 mil yon mwayen transpò rapid.

N ap di mèsi bay zanmi nou yo nan New Tropic ak Miami Housing Solutions Lab pou definisyon sa yo: http://bit.ly/TNTglossary & http://bit.ly/mhslglossary


I. AKSESIBILITE LOJMAN NAN SID LAFLORID

Plizyè analiz ak rapò resan, sa ki gen ladan yon rapò an 2017 ki soti Harvard University, di Sid Laflorid se kote ki pi inabòdab pou viv nan tout peyi Etazini. 62 pousan lokatè Miami yo ap “toufe anba chay depans” yo, sa ki vle di yo depanse plis pase 30% revni yo pou peye kay.

Pwoblèm sa a pi grav toujou osen kominote moun koulè yo. Nan lane 2016, lokatè nan kominote nwa ak panyòl Sid Laflorid te depanse apeprè 58 pousan e 55 pousan revni yo, respektivman, pou lwaye.

Source: http://www.shimberg.ufl.edu/publications/Full_RMSwcov_2016.pdf

Source: http://www.shimberg.ufl.edu/publications/Full_RMSwcov_2016.pdf

Kisa sa mande pou w kapab peye lwaye nan Miami?

Yon moun k ap touche salè minimòm ta dwe travay 3.1 djòb aplentan pou peye yon apatman 2 chanm nan Konte Miami-Dade. Yon moun ki gen yon sèl djòb dwe touche $24.90 pa è pou peye yon apatman 2 chanm.

Èske sitiyasyon an vin pi mal oswa li amelyore avèk letan?

Defi lojman abòdab la vin pi mal avèk letan, jan eleman annapre yo montre:

  • Kantite lokatè k ap toufe anba chay depans yo ogmante: Ant 2000 ak 2012, te gen yon ogmantasyon prèske 50% nan kantite total lokatè k ap toufe anba chay depans yo nan Konte Miami-Dade; chif la te pase de 154,066 lokatè an 2000 a 231,703 fwaye an 2012, selon Shimberg Center for Housing Studies.

  • Gen yon kantite limite kay pou rete ki abòdab: Lokatè klas modès ap bat pou jwenn kay ki abòdab pou yo rete. Selon yon rapò National Low Income Housing Coalition (NLIHC), pou chak 100 lokatè ki genyen nan rejyon Miami / Ft. Lauderdale /West Palm Beach, se sèlman 21 kay abòdab ki genyen.

  • Pèt kay ki abòbad e ki disponib prezantman: Nou menm ap pèdi kay abòdab nou genyen deja yo. Shimberg Center for Housing Studies rapòte ke ant 1993 ak 2012, Florida te pèdi omwen 51,000 kay ki te konn disponib pou lwaye prive oswa ki te resevwa sibvansyon piblik. Disi 2020, nou gen dwa pèdi yon lòt 43,200 kay k ap resevwa sibvansyon prezantman.

  • Yo pa konstwi anpil kay ki abòdab: Malgre pa gen ase kay ki abòdab pou moun rete, ant 2014 e 2016, se sèlman 10.7% kay yo konstwi pou plizyè fanmi nan Miami ki te abòdab.


II. KISA KI FÈ KAY CHÈ KONSA?

Annapre, w ap jwenn detwa nan plizyè eleman ki lakòz moun gen pwoblèm jwenn kay ki abòbad pou yo rete:

1. Bati kay ki abòdab koute chè, kifè sa pa toujou posib onivo finansye.

Selon Urban Institute, “Amenajman koute anpil lajan. Devlopè yo konte sou prè ak lòt sous finansman pou yo bati amenajman sa yo, anvan moun resi vin abite e kòmanse peye lwaye. Sèl fason pou  devlopè yo jwenn prè sa yo ak kapital pwòp yo bezwen, se lè bilding an pral pèmèt yo fè ase lajan pou remèt prè sa yo e peye moun ki envesti yo. Lakin ki genyen ant kantite lajan yo panse bilding nan pral rapòte lè moun kòmanse peye lwaye, avèk lajan pou devlopè a peye remèt pretè ak envestisè yo, ka mete baton nan wou yon lojman abòdab anvan menm li kòmanse konstwi. Sa lakòz plizyè milyon fanmi klas modès pa kapab jwenn kay ki san danje e ki abòdab pou yo rete.”

Gade zouti similasyon Urban Institute kreye pou kay ki abòdab pou moun rete (jan nou wè anba a):

2. Lejislati Eta Laflorid pran 70% lajan ki te sanse finanse lojman abòdab, pou li peye egzonerasyon e fè depans fiskal.

Sa.png

An 1992, Eta Laflorid te mete sou pye yon fon ki rele William E. Sadowski Affordable Housing Trust Fund. Se te yon resous pou bati lojman abòdab / pou mendèv, pou granmoun aje, epi pou moun andikape. Sepandan, daprè Miami Herald, nan $1,87 milya dola yo te ranmase e depoze sou kont la depi gwo resesyon 2008 la, lejislatè Laflorid yo depanse prèske 1.3 milya dola (oswa 70%) pou lòt rezon tankou egzonerasyon ak depans fiskal. Selon Florida Housing Coalition, si lejislatè yo te kite 272 milyon dola an repo sou kont sa a, yo te ka fini plizyè pwojè ki t ap rapòte 3.78 milya dola (yon enpak ekonomik pozitif pou ekonomi eta a) e kreye 28,700 djòb.

33. Vin gen yon bès nan envestisman federal pou lojman abòdab.

Sipò federal pou pwogram lojman abòdab yo bese byen ba nan 10 dènye ane yo, sitou onivo pwogram Community Development Block Grant (CDBG) ak pwogram HOME Investments Partnership (HOME). Pwogram sa yo bese konsiderableman de 2007 a 2015, jan graf ki sou bò dwat la montre. Pou plis enfòmasyon, tcheke kont-randi ofisyèl yon atelye sou Lojman Abòdab nan Konte Miami Dade an 2015.

4. Gen lwa sou zonaj, estasyònman, etc., ki mete restriksyon e anpeche ensitasyon finansyè / kapasite pou bati lojman abòdab.

Lwa sou zonaj, estasyònman, ak lòt règleman onivo lokal detèmine gwosè ak kalite kay moun ka bati nan diferan kominote. Gen moun ki panse restriksyon sa yo, byenke souvan yo la pou pwoteje kominote yo, anpeche devlopè yo bati pyès kay ki rantab e an menm tan reponn a bezwen kominote an.

5. Kondisyon lojman ki pa estanda e ki enstab lakòz lojman yo vin pi inabòdab toujou.

Malere ki san rekou, ansanm ak lokatè minoritè Miami yo, souvan rete nan kondisyon ki medyòk epi yo pa vrèman kapab ale alankont pwopriyetè yo. Sitiyasyon sa a agrave pwoblèm lojman abòdab la paske li lakòz deteryorasyon e menm pèt total lojman abòdab ki disponib pou moun lwe. Nan yon sondaj (yon etid Community Justice Project ak Power U Center for Social Change te fè an 2008), twaka lokatè yo te rapòte yo gen pwoblèm avèk kay kote yo ye a: plis pase mwatye (59%) nan rezidan yo te gen ravèt, e yon ka (26%) te di yo wè rat oswa sourit nan kay la. Anplis de sa, malere ak lokatè minoritè pa gen pwoteksyon legal debaz. De tyè rapòte yon gen yon kontra-lwaye mwa-pa-mwa, e sa se yon faktè kle ki kreye enstabilite lojman. Prèske mwatye (48%) nan moun ki te reponn keksyon sondaj yo (nan kad etid nou mansyone pi wo a) te demenaje youn a de fwa nan senk ane ki sot pase yo, e plis pase 20 pousan te demenaje twa a kat fwa, e menm pi plis. Enstabilite lojman sa a, an konbinezon avèk kriz lojman abòdab la, gen rezilta negatif, paregzanp moun ki vin sanzabri, ki an movèz sante, oswa ki pa jwenn edikasyon yo bezwen.

 


III. KISA KI DEJA FÈT ONIVO LOKAL?

Officials break ground for an affordable housing project in Overtown in 2015. From left: Matthew Rieger, President of the Housing Trust Group; Miami Comm. Keon Hardemon; Miami-Dade Comm. Audrey Edmonson; Alonzo Mourning; Randy Rieger, and Clarence Woods, Executive Director of the Miami Community Redevelopment Agency. Photo credit: WALTER MICHOT (Miami Herald)

Officials break ground for an affordable housing project in Overtown in 2015. From left: Matthew Rieger, President of the Housing Trust Group; Miami Comm. Keon Hardemon; Miami-Dade Comm. Audrey Edmonson; Alonzo Mourning; Randy Rieger, and Clarence Woods, Executive Director of the Miami Community Redevelopment Agency. Photo credit: WALTER MICHOT (Miami Herald)

Konte Miami-Dade

  • Fon pou Lojman Abòdab: Fon pou Lojman Abòdab la (Affordable Housing Trust Fund), se yon fon finansye nan Konte Miami-Dade yo te louvri nan lane 2007 pou kreye resous finansye pou bati lojman abòdab pou fwaye ki gen revni modere ak fwaye klas modès. Ane pase a, Komisyon Konte Miami-Dade la te vote pou chanje Fon Lojman Abòdab la pou alwe omwen 10 milyon dola nan fon an, epi mete 50% lajan an sou kote pou ede moun ki pa fè ase lajan. Sepandan, nan lane 2017, komisyon konte a te alwe $387,000 sèlman nan fon an, sa ki ba anpil parapò a sa yo te atann. Majistra Carlos Gimenez te di se finansman Zika ki te fini ak bidjè diplis konte a.
  • Zonaj pou Enklizyon Volontè: Konte Miami-Dade te kreye yon pwogram zonaj pou enklizyon volontè an 2007. Komisyonè Barbara Jordan te entwodui pwopozisyon sa a an 2016 pou kòmanse yon pwogram zonaj obligatwa; sepandan, pwopozisyon an p at jwenn ase sipò nan men lòt komisyonè yo, sa ki te fòse Jordan chanje pwogram nan, pou l pa obligatwa ankò; li te prezante yon pwogram ki volontè pito, e se pwopozisyon sa a ki te pase. Lè sa a, Komisyonè Jordan te di li te gen lentansyon revize pwojè-lwa a ankò, pou l fè l vin obligatwa nan dezan si devlopè yo pa t itilize pwogram volontè li te modifye a.

 

p3-brickell-view-terrace.jpg

Vil Miami

  • Ensitasyon Finansyè pou Devlopè: Depatman Devlopman Kominotè (Department of Community Development) Vil Miami ofri finansman onivo federal, leta, e/oswa lokal pou devlopè prive, pou ankouraje yo bati lojman abòdab nan Vil Miami.
  • Zonaj pou Enklizyon Volontè: An 2016, Komisyon Vil la te pase lejislasyon ki te bay ensitasyon finansyè pou 1) pwojè lojman abòdab kote tout pyès kay yo se lojman mendèv oswa lojman abòdab, e 2) pèmèt devlopè bati batiman ki pi piti (paregzanp yon bonis dansite) pou bati pwojè lojman abòdab avèk pyès kay ki abòdab pou fanmi ki pa fè anpil lajan ditou.
  • Plan Devlopman Rejyonal Avanse: Nan fen 2016, Komisyon Vil lan te mete ajou plan devlòpman rejyonal la pou pèmèt yo ajoute espas pou biwo, chanm lotèl, pyès kay rezidansyèl, espas endistriyèl, espas pou enstitisyon ak espas pou atraksyon nan zòn anba lavil la. Nouvo pwopozisyon sa a mande pou konstriksyon an pa gen mwens pase 2,700 pyès kay pou lojman abòdab ki genyen nan zòn "Downtown Development of Impact Regional" (oswa DRI) (15% nan nouvo pyès kay rezidansyèl yo).
  • Bonis Dansite pou Pyès kay pou Lojman Mendèv e/oswa Abòdab: Nan mwa fevriye 2017, Komisyon Vil Miami an te vote pou apwouve yon mezi ki pèmèt devlopè yo ogmante dansite amenajman yo, pou pase de 36 pyès kay pou yon demi-ekta, a 72 pyès kay pou yon demi-ekta, si yo rezève 10 pousan pyès kay yo pou lojman mendèv, lojman abòdab ak lojman pou moun klas modès. Dokiman Vil yo endike objektif la se mete sou kote 40 pousan nan envantè lojman y ap bati nan senk ane k ap vini yo, pou yo sèvi kòm pyès kay lojman pou revni miks.

Lòt pwogrè rejyonal:

  • Finansman Federal pou lojman abòdab: Gen sis "distri ki gen dwa" nan Konte Miami-Dade (anplis Konte a an li menm) ki resevwa lajan federal pou lojman. Distri sa yo se: Hialeah, Homestead, Vil Miami, Miami Beach, Miami Gardens, ak North Miami. Sepandan, pa gen okenn plan global prezantman ki pou ta mete tout antite gouvènman sa yo ansanm pou yo kolabore e rezoud kriz lojman abòdab la.
  • Pwogrè ki lan nan kad lojman pou moun pòv nan Miami Beach: An 2011, Miami Beach te adopte yon plan global pou bati 16,000 pyès kay pou lojman abòdab disi 2020. Malerezman, Vil Miami Beach trè lwen objektif li te fikse pou l bati pyès kay sa yo. Nan mwa jen 2017, Komisyonè Miami Beach John Elizabeth Alemán te patwone yon òdonans pou bati 6,800 pyès kay abòdab pito disi 2030.

 


IV. POUKISA SA ENPÒTAN?

Poukisa lojman abòdab ta dwe enterese mwen? Ki enpak lojman ki twò chè genyen sou vitalite kominote nou an?

Men detwa konsekans lojman ki twò chè:

Enpak negatif sou ekonomi lokal la: Lè moun k ap travay gen mwens lajan nan men yo, yo depanse mwens lajan nan achte machandiz ak sèvis lokal, sa ki redui revni biznis lokal yo.

Anplis de sa, gwo depans pou lojman ka afekte kapasite endistri lokal lan pou li rekrite e kenbe anplwaye. Yon etid resan  montre 15 sou 50 pi gwo anplwayè nan Los Angeles, ki vle di 60%, te di kay ki twò chè nan rejyon an te enfliyanse desizyon anplwaye yo lè pou yo chwazi rete nan travay la, e 64% te di yo te oblije pran an kont pri kay yo pandan negosyasyon pou anbochaj anplwaye wo nivo. Kòm yon rezilta gwo depans moun fè pou peye kay, endistri lokal la ka fè fas a lòt frè anplis pou rekrite e kenbe anplwaye - oswa li ka deside deplase al nan yon rejyon ki gen yon mendèv ki pi aksesib.

06traffic-day2-bizCPJ.jpeg

Ogmantasyon dire trajè ak anbouteyaj: Si plis travayè pase plis tan sou wout, sa koze plis anbouteyaj sou wout yo. Epitou, lè travayè yo rete lwen mwayen transpò piblik yo, gen mwens pasaje ki itilize transpò piblik. Lè pa gen anpil pasaje transpò piblik, li vin pi difisil pou mentni e amelyore sèvis transpò piblik nan tout rejyon an.

 

img_20130301_04_01.jpg

Enpak negatif sou anviwònman an: Trajè ki pi long, ansanm ak anbouteyaj,  gen yon enpak negatif sou anviwònman an akòz vin gen plis emisyon gaz kabonik. Anplis de sa, kay ki gen dansite pi ba (souvan kay pou yon sèl fanmi), ki leplisouvan chita andeyò santrevil la, gen mwens efikasite onivo enèji e yo souvan sèvi avèk plis dlo (pou wouze gazon) ak pwodwi chimik (pou antretyen gazon). Tout bagay sa yo gen yon enpak negatif sou anviwònman an.

residential-segregation-1.jpg

Konsekans negatif ki asosye ak kominote ki segrege yo: Yon mank lojman abòdab nan katye ki gen pi bon resous yo izole fanmi klas modès nan sèten katye ki souvan segrege onivo sosyo-ekonomik oswa rasyal, ki pa gen ase resous, e ki pa jwenn menm opòtinite onivo ekonomik e kiltirèl. Etid yo montre efè negatif “move katye” lè yon moun grandi nan yon anviwònman ki segrege e ki pa gen ase resous: paregzanp, yon analiz Douglas Massey nan Princeton te montre salè total pou tout lavi moun ki nan bèl katye $900,000 pi wo pase pa moun ki leve nan move katye. Lekòl nan katye sa yo se lekòl bòlèt an konparezon ak lekòl ki nan katye rich yo, sa ki fè elèv yo gen mwens opòtinite pou jwenn mobilite ekonomik.


V. ESKE OU VLE APRANN PI PLIS?

Aksesibilite lojman se yon pwoblèm konplèks ki gen yon istwa long e rich. Anplis diferan lyen nou ba ou nan istorik la, nou konseye ou vizite resous annapre yo, si ou vle aprann pi plis:

 

Miami Housing Solutions Lab: Housing Policy Timeline

Miami Housing Solutions Lab: Housing Policy Timeline


Si ou gen kesyon, kòmantè oswa sijesyon sou prezantasyon ki nan istorik sa a, tanpri kontakte Sarah Emmons nan s@radicalpartners.net.

Istorik sa a se yon resous ki chanje detanzantan e n ap ajoute enfòmasyon ladan lè sa apwopriye. Nou pa di se se ekspè nou ye sou kesyon an; sepandan nou kontan anpil dèske nou kapab pran avantaj talan nou genyen pou rasanble manm kominote a pou pataje rechèch ki fèt nan zòn sa a e jwenn solisyon.

Yon gwo mèsi bay òganizasyon ak moun ki te ede nou rasanble enfòmasyon sa yo e modifye resous sa a: Alana Greer (Community Justice Project), Jorge de la Paz (Housing Solutions Lab), Marvin Wilmoth (KCG Development) ak Santiago Bunce (Catalyst Miami).  N ap remèsye tou JPMorgan Chase & Co. ki patwone kanpay sa a!

 

JPM_logo.jpg